Abandonment Warning Handout
Eske ou te kite Etazini pou plis pase yon ane depi ou te resevwa kat vèt ou?
Si wi, USCIS ka trouve ke ou te abandone rezidans pèmanan legal ou epi mete ou nan pwosedi pou depòtasyon nan tribinal imigrasyon.
Si ou te vwayaje kite Etazini pou plis pase yon ane san pèmisyon, USCIS ka mande ou montre prèv ke ou te gen entansyon retounen Ozetazini.
USCIS ka gade:
- Konbyen tan ou te fè deyò Etazini
- Konbyen fwa ou te kite Etazini
- Poukisa ou te kite Etazini
- Si ou te gen fanmi pwòch kap viv Etazini
- Nenpòt pwopriyete ou posede Ozetazini
- Nenpòt afilyasyon biznis ou te genyen Etazini oswa aletranje
- Si ou te ranpli deklarasyon taks
- Si ou te gen yon kat idantifikasyon leta Etazini ak yon adrès Etazini
- Si ou te byen ranpli fòm I-131, Aplikasyon pou Dokiman Vwayaj (pèmi pou retounen) avan ou kite Etazini
- Si ou te byen ranpli fòm N-470, Aplikasyon pou Prezève Rezidans pou Natiralizasyon lè ou te kite Etazini pou rezon espesifik ki gen rapò ak travay.
USCIS oswa yon Jij Imigrasyon ka trouve ke ou te abandone rezidans pèmanan legal ou si:
- Ou te toujou ap chache travay aletranje oswa te gen yon travay aletranje pandan yon bon ti tan.
- Ou pa te gen okenn lyen nan Etazini, tankou pwopriyete, fanmi pwòch, ak afilyasyon biznis.
- Ou te deklare ou se “yon etranje ki pa rezidan” nan taks ou Etazini, oswa ou pa te ranpli taks Etazini paske ou te konsidere tèt ou kòm “yon etranje ki pa rezidan.”
- Ou te ranpli yon Fòm I-407, Dosye pou Abandone Estati Rezidan Pèmanan Legal.
Remak: Jis di USCIS ke ou te vle kenbe rezidans pèmanan legal ou (kat vèt) sa pa ase. Ou dwe montre ak prèv ke ou te gen yon “entansyon kontinyèl e san entèripsyon” pou retounen nan Etazini pandan vwayaj ou.