Disability Waiver: Form N-648 (Haitian Creole)
Egzansyon pou Andikap: Fòm N-648
- Si USCIS aksepte li, ou pa oblije pran egzamen angle ak/oswa sivik nan entèvyou natiralizasyon an (sa depann de sa doktè a ranpli sou fòm lan).
- Wap toujou gen pouw ale nan entèvyou natiralizasyon ou yo nan USCIS.
- Ou dwe te dyagnostike ak yon kondisyon medikal ki fè li enposib pou aprann oswa demontre konpreyansyon nan angle ak/oswa sivik.
- USCIS mande pou yon pwofesyonèl medikal sètifye ki te egzamine ou ranpli fòm nan. USCIS define yon pwofesyonèl medikal sètifye kòm yon doktè medikal ki gen lisans konplè (MD), sikològ klinik, oswa doktè osteopati ki gen lisans (DO).
- Yon enfimyè pratikan (NP), rezidan medikal, ak asistan doktè (PA) pa ka siyen fòm nan.
- Pwofesyonèl medikal sètifye a, nenpòt entèprèt an pèsòn, epi ou menm dwe siyen li.
- Enfimyè pratikan (NP), rezidan medikal, ak asistan doktè (PA) pa ka siyen fòm nan. Pran yon randevou ak doktè ki se sipèvizè founisè w la pou rankontre ou an pèsòn epi siyen fòm lan
- Chèche yon lòt doktè, eseye etidye pou tès angle ak sivik yo, oswa tann jiskaske ou satisfè yon egzansyon ki baze sou laj pou aplike.
- USCIS bay fòm nan ak enstriksyon sou entènèt isit la: https://www.uscis.gov/n-648
- Project Citizenship ka voye pa lapòs yon fòm vid ak enstriksyon senplifye lakay ou pou pwofesyonèl medikal pouw ka pote nan pwochen randevou doktè ou.
- Non. USCIS sèlman aksèpte fòm yo soumèt ak yon aplikasyon pou sitwayènte pandan 6 mwa apre dat siyati pwofesyonèl medikal sètifye a.
- Si andikap yon aplikan anpeche yo konprann/kominike konpreyansyon yo genyen sou Sèman Fidelite a (ki ekri sou Fòm N-400) nan lang natif natal yo, USCIS ap mande gadyen legal yo oswa yon manm fanmi imedya ki sitwayen ameriken pou ale nan entèvyou natiralizasyon (yo) epi reponn kesyon sou non aplikan an.