Travel Warning
Vwayaj 180 jou oswa plis ak sitwayènte ameriken
Vwayaj ou fè ki 180 jou oswa plis ka gen konsekans negatif sou aplikasyon sitwayènte ou.
Gen yon sipozisyon ke ou pa t kenbe rezidans ou nan Etazini pandan vwayaj sa a. Ou ka atann kesyon sou pwoblèm sa epi li posib yo pral mande w pou bay prèv bay gouvènman an sou lyen ou avèk Etazini pandan peryòd sa a.
Yo ka refize aplikasyon pou sitwayènte ou.
Sa ou bezwen fè
Ou bezwen pote prèv nan entèvyou ou a pou pwouve ke ou te kontinye ap viv nan Etazini pandan vwayaj ou aletranje ki te plis pase 180 jou.
Egzanp prèv ou dwe pote
Prèv ki gen rapò ak travay ou
- Prèv ke ou toujou te gen travay ou nan Etazini oswa ke ou pa te jwenn yon travay aletranje pandan vwayaj ou
- Yon lèt nan men anplwayè ou Ozetazini ki di ke ou te toujou ap travay pandan vwayaj ou
- Dosye labank ki montre ke ou te kontinye resevwa salè pandan ou te aletranje
Prèv ki gen rapò ak fanmi ou
- Prèv ke mari oswa madanm ou ak/oswa pitit ou yo te rete nan Etazini pandan vwayaj ou
- Dosye lekòl ki montre pitit ou yo te ale lekòl Ozetazini pandan ou te aletranje
- Dosye kat kredi oswa dosye travay ki montre ke mari oswa madanm ou te rete lakay ou Ozetazini pandan ou te aletranje
Prèv ki gen rapò ak kay ou ak lyen ou ak Etazini
- Prèv ke ou te kenbe kay ou, machin ou, epi ou te ranpli taks ou Ozetazini pandan tout tan ou te aletranje
- Bòdwo sèvis piblik pou kay ou Ozetazini pandan ou te aletranje
- Peman lwaye oswa ipotèk
- Enskripsyon machin oswa asirans machin
- Prèv ke ou te ranpli taks ou pandan peryòd vwayaj ou aletranje