Telefòn : 617-694-5949

Fax: 617-859-9993

info@projectcitizenship.org

Kisa Pwojè Sitwayènte fè?

 

Pwojè Sitwayente edè moun ki immigrant avèk bagè legal yo vini sitwayèn nan U.S. Nou se on office avec avoka. Tout sèvice nous yo pa koutè an yèn.

 

Pou kisa pou ou fè’w citwayen Ameriken?

 

Chak ane, prèske 700,000 moun fè yo citwayen Ameriken. Genyen anpil rezon pou ou fè’w citwayen Ameriken:

 

  1. Vote: Dwa pou ou vote pou Prezidan avèk lòt politisyen yo se youn nan rezon ki pi inpòtan pou ou fè’w citwayen Ameriken. Se sèlman moun ki citwayen Ameriken ki ka vote nan eleksyon pou gouvènman federal. Fò ou citwayen Ameriken pou ou ka kandida nan prèske tout eleksyon nan nivo lokal, stet, avèk federal.

 

  1. Voye chèche fanmi’w: Citwayen Ameriken yo ka voye chèche fanmi yo kap viv nan lòt peyi  pou fè yo antre o Zeta Zini. Lè ou se youn citwayen Ameriken, moun ki genyen gwo ponyèt nan immigrasyon o Zeta Zini fè fanmi’w pase devan lòt moun kap antre o Zeta Zini.

 

  1. Viv o Zeta Zini pou toutan: Lè ou se citwayen Ameriken, moun pa ka pran dwa’w pou viv o Zeta Zini nan men’w.

 

  1. Fè pitit ou ka citwayen Ameriken: Pitit ou ki poko genyen 18 tan ka citwayen Ameriken kote ou Fe’w citwayen Ameriken san yo pa between retan’n.

 

  1. Èd Gouvènman: Genyen youn seri de èd gouvènman ki pou citwayen Ameriken sèlman.

 

  1. Vwayaje avèk paspò Ameriken: Ou vwayaje pi fasil. Ou ka vwayaje ninpòt lè ou vle.

 

  1. Ou pa bezwen renouvle gri’n kat ankò: Lè ou se citwayen Ameriken, ou pa nan renouvle ankò. Ou citwayen Ameriken pou toutan.

 

  1. Voyaje san tèt grate: Ambasad Ameriken pwoteje’w lè ou se citwayen Ameriken e ou vwayaje nan lòt peyi. Si ou vwayaje nan youn lòt peyi epi ou genyen pwoblèm de sekirite oubyen genyen youn dezas nan la nati pandan ou nan peyi sa-a, gouvènman Ameriken ap ede’w paske ou se youn citwayen Ameriken.

 

  1. Èd pou ou ale lekòl: Genyen èd Ki pou citwayen Ameriken sèlman.

 

  1. Jwen travay: Pi fò travay nan gouvènman federal mande pou ou citwayen Ameriken.

 

Èske ou ka vini citwayen Ameriken?

 

Pou ou vini citwayen Ameriken, fò ou:

 

  1. Genyen o mwen 18 tan.

 

  1. Genyen gri’n kat ou pou o mwen 5 an (3 zan si ou marye avèk youn citwayen Ameriken.

 

  1. Viv o Zeta Zini pandan ke ou genyen gri’n kat ou pou o mwen 5 an (3 zan si ou marye avèk youn citwayen Ameriken).

 

  1. Viv o Zeta Zini pou o mwen 30 mwa nan 5 dènye ane ou fè ap viv o Zeta Zini (18 mwa si ou marye avèk youn citwayen Ameriken).

 

  1. Viv nan stet kote wap aplike ya pou 3 mwa jis avan ou voye aplikasyon an ale.

 

  1. Fò’w ka youn ti jan li, ekri, avèk pale Anglè.

 

  1. Fò ou youn ti jan kon-nen istwa Ameriken avèk gouvènman Ameriken yan.

 

  1. Ou se youn moun ki genyen bon lizaj.

 

  1. Fò ou ka fè pwomès pou ou rete fidèl avèk Eta Zini e respekte la lwa nan Eta Zini.

 

Èske ou te kon-nen?

 

  1. Citwayen Ameriken fè plis lajan. Yo fè plis lajan nan travay yo epi yo genyen plis lajan an jeneral ke moun ki genyen gri’n kat sèlman, san konte laj yo, si yo se fi oubyen gason, e nan ki peyi yo sòti.

 

  1. Citwayen Ameriken genyen avantaj nan taks. Si ou se citwayen Ameriken e mari’w oubyen madan’m ou mouri kite byen pou ou, ou pap peye taks sou byen sa yo. Si ou pa citwayen Ameriken, ou genyen pou ou peye 50 pousan sou tout byen mari’w oubyen madan’m ou kite pou ou lè li mouri.

 

  1. Moun Ki genyen gri’n kat pa genyen min’m dwa avèk citwayen Ameriken. Lè yo arete youn moun ki genyen gri’n kat, sa ka bay gwo pwoblèm. Si ou pa citwayen Ameriken, yo ka voye’w retounen nan peyi’w min’m si leta pa jwen ou fè anyen ki mal kont la lwa.
Skip to content